10
1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa ✡Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo ✡kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3 Paske mechan an ap vin ògeye sou ✡dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: ✡“Nanpwen Bondye.”
5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6 Li di a pwòp tèt li: ✡“Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
7 ✡Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li ✡touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen ✡an.
10 Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11 Li pale a tèt li: ✡“Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
 
12 Leve O SENYÈ!
O Bondye, ✡leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede ✡òfelen an.
15 ✡Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
✡Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17 O SENYÈ, Ou te tande ✡dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18 pou bay jistis a òfelen an avèk ✡oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.
✡ 10:1 Sòm 22:1 ✡ 10:2 Sòm 7:16 ✡ 10:3 Sòm 94:3 ✡ 10:4 Sòm 14:1 ✡ 10:6 Rev 18:7 ✡ 10:7 Wo 3:14 ✡ 10:8 Sòm 94:6 ✡ 10:9 Sòm 140:5 ✡ 10:11 Sòm 10:4 ✡ 10:12 Sòm 17:7 ✡ 10:14 Sòm 68:5 ✡ 10:15 Sòm 37:17 ✡ 10:16 Det 8:20 ✡ 10:17 Sòm 9:18 ✡ 10:18 Sòm 9:9