SÒM YO
Liv I
1
1 Beni se nonm ki ✡pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men ✡gran plezi li se ✡nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon ✡pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
4 Mechan yo pa konsa.
Yo tankou ✡pay ke van an pouse ale.
5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz ✡jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
6 Paske SENYÈ a ✡konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.
✡ 1:1 Pwov 4:14 ✡ 1:2 Sòm 119:14-35 ✡ 1:2 Jos 1:8 ✡ 1:3 Sòm 92:12-14 ✡ 1:4 Sòm 5:5 ✡ 1:5 Sòm 9:7,8,16 ✡ 1:6 Na 1:7