28
1 Mechan yo ✡sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
2 Pa transgresyon a yon pèp, ✡chèf peyi yo vin anpil;
men lòd etabli pa yon nonm bon konprann ak konesans.
3 Yon moun pòv ki peze malere
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
4 Sila ki abandone lalwa a ✡bay lwanj a moun mechan;
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
5 Moun mechan yo ✡pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
6 ✡Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun ✡voras fè papa l wont.
8 Sila ki agrandi richès li avèk ✡enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,
menm ✡lapriyè li abominab.
10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an
va li menm tonbe nan pwòp fòs li;
men ✡sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;
men ✡lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki ✡konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14 A la beni se sila ki toujou ✡gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,
se konsa yon ✡chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16 Yon ✡gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17 Yon nonm ki ✡twouble ak koupabilite san moun
va yon fijitif jiskaske li mouri.
Pinga pèsòn ba li soutyen.
18 Sila ki mache san tò a va delivre;
men sila ki ✡kwochi a va tonbe byen vit.
19 ✡Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20 Yon nonm ✡fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 Yon nonm ak ✡move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
23 Sila ki bay yon moun repwòch
va jwenn plis favè pase sila ki ✡fè flatè ak lang li an.
24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l
epi di: “Sa pa yon transgresyon”,
se ✡parèy ak yon moun ki detwi.
25 Yon nonm awogan ap ✡pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26 Sila ki ✡mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27 Sila ki ✡bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;
men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
✡ 28:1 Lev 26:17-36 ✡ 28:2 I Wa 16:8-28 ✡ 28:4 Sòm 49:18 ✡ 28:5 Sòm 92:6 ✡ 28:6 Pwov 19:1 ✡ 28:7 Pwov 23:20 ✡ 28:8 Egz 22:25 ✡ 28:9 Sòm 66:18 ✡ 28:10 Mat 6:33 ✡ 28:12 Pwov 28:28 ✡ 28:13 Sòm 32:5 ✡ 28:14 Pwov 23:17 ✡ 28:15 Egz 1:14 ✡ 28:16 Ekl 10:16 ✡ 28:17 Jen 9:6 ✡ 28:18 Pwov 10:27 ✡ 28:19 Pwov 12:11 ✡ 28:20 Pwov 10:6 ✡ 28:22 Pwov 23:6 ✡ 28:23 Pwov 29:5 ✡ 28:24 Pwov 18:9 ✡ 28:25 Pwov 15:18 ✡ 28:26 Pwov 3:5 ✡ 28:27 Pwov 11:24