5
Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12 Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!
13 Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an Marc tou.
14 Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.
5:1 Luc 24:48; I Pi 1:5 5:2 Jn 21:16 5:2 Phm 14 5:3 Éz 34:4 5:4 I Pi 2:25 5:5 I Pi 3:8 5:5 Pwov 3:34 5:6 Mat 23:12 5:7 Sòm 55:22 5:8 I Pi 1:13; Mat 24:42 5:9 Jc 4:7 5:10 I Pi 1:6 5:10 I Kor 1:9 5:12 II Kor 1:19 5:12 Eb 13:22 5:13 Trav 12:12,25 5:14 Wo 16:16