7
Alò, lè miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi. Anplis, mwen te mete Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun. Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”
Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.
Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an:
Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li; moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana.
Kantite mesye nan pèp Israël yo:
Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.
Fis a Schephathia yo, twa-san-senkant-de.
10 Fis a Arach yo, sis-san-senkant-de.
11 Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit.
12 Fis a Élam yo, mil-de-san-senkant-kat.
13 Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk.
14 Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant.
15 Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit.
16 Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit
17 Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de.
18 Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt.
19 Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt.
20 Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk.
21 Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit.
22 Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit.
23 Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit.
24 Fis a Hariph yo, san-douz.
25 Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz.
26 Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit.
27 Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit.
28 Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de.
29 Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa.
30 Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen.
31 Mesye nan Micmas yo, san-venn-de.
32 Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa.
33 Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de.
34 Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.
35 Fis a Harim yo, twa-san-ven.
36 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.
37 Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen.
38 Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant.
39 Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz.
40 Fis a Immer yo, mil-senkann-de.
41 Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt.
42 Fis a Harim yo, mil-di-sèt.
43 Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz.
44 Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit.
45 Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit.
46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo. 47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo. 48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo. 49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo. 50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo. 51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo. 52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo. 53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo. 54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo, 55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo, 56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo.
57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo. 58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo. 59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo. 60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz.
61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye:
62 fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de.
63 Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo.
64 Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt. 65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk Ourim avèk Thoumim nan.
66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun, 67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo. 68  Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk; 69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven.
70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo. 71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan. 72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt.
73 Alò, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo.
Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.
7:1 Né 6:1-15 7:2 Né 1:2 7:5 Pwov 2:6 7:6 Esd 2:1-70 7:65 Egz 28:30 7:68 Esd 2:66 7:70 Né 7:65 7:73 I Kwo 9:2