10
Alò, sou dokiman sele a te gen non a: Néhémie, gouvènè a, fis a Hacalia a ak Sédécias, Seraja, Azaria, Jérémie, Paschhur, Amaria, Malkija, Hattusch, Schebania, Mallue, Harim, Merémoth, Abdias, Daniel, Guinnethon, Baruc, Meschullam, Abija, Mijamin, Maazia, Bilgaï, Schemaeja. Sila yo se te prèt yo. Epi Levit yo: Josué, fis a Azania a, Binnuï, nan fis a Hénadad yo, Kadmiel, 10 anplis frè pa yo, Schebania, Hodija, Kelitha, Pelaja, Hanan, 11 Michée, Rehob, Haschabia, 12 Zaccur, Schérébia, Schebania, 13 Hodija, Bani, Beninu. 14 Chèf a pèp yo: Pareosch, Pachath-Moab, Élam, Zatthu, Bani, 15 Bunni, Azgad, Bébaï, 16 Adonija, Bigvaï, Adin, 17 Ather, Ézéchias, Azzur, 18 Hodija, Haschum, Betsaï 19 Hariph, Anathoth, Nébaï, 20 Magpiash, Meschullam, Hézir, 21 Meschézabeel, Tsadok, Jaddua, 22 Pelathia, Hanan, Anaja, 23 Hosée, Hanania, Haschub, 24 Hallochesch, Pilcha, Schobek, 25 Rehum, Haschabna, Maaséja, 26 Achija, Hanan, Anan, 27 Malluc, Harim, Baana.
28 Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo, 29 t ap reyini ansanm avèk moun fanmi yo, chèf pa yo e t ap pran sou yo menm, sou nivo madichon, yon sèman, pou mache nan lalwa Bondye, ki te bay pa Moïse la, Sèvitè Bondye a, e pou kenbe ak obeyi tout kòmandman a Bondye yo, SENYÈ nou an, avèk òdonans Li yo avèk règleman Li yo; 30 epi pou nou pa bay fi nou yo a pèp peyi la, ni pran fi pa yo pou fis nou yo. 31 Epi selon pèp peyi la ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt.
32 Ankò, nou plase pwòp tèt nou anba obligasyon pou fè kontribisyon yon tyè sik chak ane pou sèvis lakay Bondye nou an: 33 pou pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an. 34 Menm jan an, nou te tire osò pou founi depo bwa pou prèt yo, Levit yo ak pèp la pou yo ta kab mennen li lakay Bondye a, selon lakay zansèt papa nou yo, nan lè ki te etabli nan ane a, pou brile sou lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa a; 35 epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane, 36 epi pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an. 37  E ke nou va, osi, pote premye nan pat farin nou yo, kontribisyon nou yo, fwi a tout pyebwa, diven nèf avèk lwil pou prèt yo nan chanm lakay Bondye nou an ak dim tè nou pou Levit yo; paske se Levit yo ki resevwa dim nan tout vil andeyò yo. 38  Prèt la, fis a Aaron an, va avèk Levit yo lè Levit yo resevwa dim yo, e Levit yo va pote yon dizyèm nan dim pa yo vè lakay Bondye nou an, pou l antre nan chanm depo yo. 39 Paske, fis Israël yo avèk fis Lévi yo va pote don sereyal la, diven nèf la ak lwil la nan chanm yo. La se zouti a sanktiyè yo, prèt k ap fè sèvis yo, gadyen pòtay yo, ak chantè yo. Konsa, nou p ap neglije lakay Bondye nou an.
10:1 Né 10:38 10:28 Né 9:2 10:29 Né 5:12 10:30 Egz 34:16 10:32 Egz 30:11-16 10:33 Lev 24:5-6 10:34 Né 13:31 10:35 Egz 23:19 10:36 Egz 13:2 10:37 Lev 23:17 10:37 Nonb 18:21 10:38 Nonb 18:26 10:39 Né 13:10-11