9
Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a. Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.”
Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
Epi konsa, Li te leve ale lakay li. Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li. 10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13  Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
14 Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16  Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal. 17  Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
18  Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”
Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve. 26  Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”
Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31 Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34 Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38  Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”
9:1 Mat 4:13 9:2 Mc 2:3-12 9:3 Mc 3:28-29 9:4 Mat 12:25 9:5 Mat 9:2,6 9:8 Mat 5:16 9:9 Mc 2:14-22 9:11 Mat 11:19 9:12 Mc 2:17 9:13 Os 6:6 9:14 Luc 18:12 9:18 Mc 5:22-43 9:20 Nonb 15:38 9:21 Mat 14:36 9:22 Mat 9:29 9:23 II Kwo 35:25 9:24 Jn 11:13 9:25 Trav 9:40 9:25 Mc 9:27 9:26 Mat 4:24 9:27 Mat 1:1 9:29 Mat 8:13 9:30 Mat 8:4 9:31 Mat 4:24 9:32 Mat 12:22,24 9:33 Mc 2:12 9:34 Mat 12:24 9:35 Mat 4:23 9:36 Nonb 27:17 9:37 Luc 10:2