7
Malè a mwen menm!
Anverite, mwen tankou moun
k ap ranmase fwi gran sezon,
k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven.
Pa gen grap rezen pou manje,
ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.
Moun fidèl fin disparèt sou latè a,
e nanpwen moun dwat pami lòm.
Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san;
yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen.
Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab.
Yon nonm pwisan prezante tout mechanste
ke nanm li bezwen.
Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
Pi bon nan yo se pikan.
Pi dwat la pi mal pase kloti zepin.
Jou gadyen ou,
jou vizitasyon ou an fin rive.
Koulye a y ap boulvèse, egare nèt.
Pa fè konfyans ak yon vwazen.
Pa fè konfyans ak yon zanmi.
Ak fi la k ap kouche ak ou a,
gade pòt bouch ou!
Paske fis la derespekte papa a,
e fi a leve kont manman li,
bèlfi a kont bèlmè li;
lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
Men pou mwen menm,
mwen va gade vè SENYÈ a.
Mwen va tann Bondye a sali mwen an.
Bondye mwen an va koute mwen.
Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen.
Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò.
Malgre mwen chita nan tenèb,
SENYÈ a va yon limyè pou mwen.
Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a,
akoz mwen te peche kont Li,
jiskaske li plede ka mwen an,
e egzekite jijman pou mwen.
Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè,
e mwen va wè ladwati Li.
10 Answit, lènmi m va wè sa,
e gwo wont va kouvri fi la ki te di m:
“Kote SENYÈ Bondye ou a?”
Zye m va gade fi sa a.
Epi konsa, nan lè sa a, li va
vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.
11 Sa va yon jou pou bati miray ou yo.
Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.
12 Sa va yon jou ke yo va vin kote ou
soti Assyrie ak vil Égypte yo;
soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la,
menm soti nan lanmè,
rive nan lanmè,
nan mòn rive nan mòn.
13 Malgre, latè va vin dezole
akoz sila k ap viv ladann yo,
akoz fwi a zak yo.
14  Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a,
bann mouton a eritaj Ou a,
ki rete pou kont yo, nan forè.
Kite yo manje nan mitan bon pa,
nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.
15 “Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la,
Mwen va montre ou Mirak.”
16 Nasyon yo va wè,
e yo va wont de tout pwisans yo.
Yo va mete men yo sou bouch yo;
zòrèy yo va vin soud.
17 Yo va niche pousyè tankou sèpan.
Tankou bagay k ap ranpe sou latè,
yo va sòti tou ap tranble nan sitadèl souteren yo.
Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak gwo lakrent;
konsa, yo va pè devan Ou.
18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19 Li va gen konpasyon pou nou ankò.
Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va jete tout peche yo nan fon lanmè.
20 Ou va bay verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.
7:1 És 28:4 7:2 És 57:1 7:2 És 59:7 7:3 Pwov 4:16,17 7:3 Am 5:12 7:4 És 10:3 7:4 És 22:5 7:5 Jr 9:4 7:6 Mat 10:21,25 7:7 Hab 2:1 7:7 Sòm 130:5 7:8 Pwov 24:17 7:8 És 9:2 7:9 Jr 50:34 7:10 És 51:23 7:11 És 54:11 7:12 És 19:23-25 7:13 Jr 25:11 7:14 Sòm 95:7 7:14 Am 9:11 7:15 Egz 3:20 7:16 És 26:11 7:16 Mi 3:7 7:17 Sòm 18:45 7:17 És 25:3 7:18 Egz 34:7,9 7:18 Sòm 103:8,9,13 7:19 Jr 50:20 7:19 És 38:17 7:20 Jen 24:27