5
1 Alò, rasanble nou an twoup lame,
O fi a lame yo.
Li fin fè syèj kont nou.
Ak gwo baton, yo va ✡frape jij Israël la sou machwè.
2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata,
pi piti pami fanmi a Juda yo,
nan ✡ou va soti de Mwen
Youn pou vin chèf an Israël.
Lè pou L vin parèt la te etabli depi
nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
3 Akoz sa, Li va ✡abandone yo jiskaske
sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.
Nan lè sa a, retay nan frè li yo
va retounen vin jwenn fis Israël yo.
4 Konsa Li va leve pou mennen
✡ bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,
nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.
Epi yo va viv, paske nan tan sa a,
Li va pwisan jis rive nan ✡dènye pwent latè.
5 Li va lapè nou✡ lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,
e lè li va mache nan palè nou yo.
Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
6 Yo va ✡regle peyi Assyrie ak nepe,
ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.
Konsa, li va ✡delivre nou soti nan men Asiryen an
lè l fè envazyon peyi nou an,
ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
7 Epi konsa, ✡retay Jacob la va
nan mitan anpil nasyon pèp yo,
tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,
tankou lapli k ap farinen sou zèb,
ki p ap tann lòm,
ni fè reta pou fis a lòm yo.
8 Retay Jacob la va pami nasyon yo,
pami anpil pèp;
Tankou yon lyon pami bèt forè,
tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;
li menm, si l pase, mache, dechire an mòso
e ✡p ap gen pèsòn ki pou delivre.
9 Ke men ou vin ✡leve kont advèsè Ou yo
e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,
✡“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou
e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11 “Anplis, Mwen va koupe retire ✡vil
nan peyi nou yo, e mwen va jete tout
miray fòterès nou yo.
12 Mwen va koupe retire zafè tout ✡wanga
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
13 ✡Mwen va retire imaj taye nou yo ak
pilye sakre ki pami nou yo,
pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
14 Mwen va dechouke ✡Asherim ki pami nou yo,
e mwen va detwi vil nou yo.
15 Epi Mwen va ✡egzekite vanjans kòlè
ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”
✡ 5:1 I Wa 22:24 ✡ 5:2 És 11:1; Jr 30:21 ✡ 5:3 Os 11:8 ✡ 5:4 És 40:11 ✡ 5:4 És 45:22 ✡ 5:5 És 9:6; És 8:7-8 ✡ 5:6 Na 2:11-13 ✡ 5:6 És 14:25 ✡ 5:7 Mi 2:12 ✡ 5:8 Jen 49:9; Sòm 50:22 ✡ 5:9 Sòm 10:12 ✡ 5:10 Za 9:10 ✡ 5:11 És 1:7 ✡ 5:12 Det 18:10-12 ✡ 5:13 És 2:18 ✡ 5:14 Egz 34:13 ✡ 5:15 És 1:24