3
Konsa, mwen te di:
“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila
k ap gouvène lakay Israël yo.
Èske nou pa dwe konnen lajistis?
Nou menm ki rayi sa ki bon,
e ki renmen sa ki mal;
ki chire po yo sou kò yo,
ak chè yo soti sou zo yo;
k ap anplismanje chè pèp Mwen an,
chire po yo sou yo, kraze zo yo
e koupe yo an mòso,
tankou se pou mete nan chodyè,
tankou vyann nan bonm nan.
Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a,
men Li p ap reponn yo.
Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm,
akoz yo te pratike zak ki mechan.”
Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon
e fènwa pou nou—san apèsi davni.
Solèy la va kouche sou pwofèt yo,
e lajounen va vin fènwa sou yo.
Vwayan yo va wont
e divinò yo va nan konfizyon.
Anverite, yo tout va kouvri bouch yo
akoz Bondye pa reponn.
Men kanta mwen menm,
mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,
ak jistis ak kouraj Li,
pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an;
menm a Israël, peche pa l la.
Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,
ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,
ki rayi jistis,
e ki vire tòde tout sa ki dwat,
10 Ki bati Sion ak san koule,
e Jérusalem ak vyolans e enjistis.
11 Chèf li yo fè jijman
pou jwenn sa ki glise anba tab,
e prèt li yo enstwi pou kòb,
pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.
Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?
Okenn malè p ap rive sou nou.”
12 Konsa, akoz nou menm,
Sion va vin raboure tankou yon chan,
e Jérusalem va vin yon pil mazi,
e mòn tanp lan va devni
tankou wo plas yo nan forè a.
 
3:1 Sòm 82:1-5 3:2 Sòm 53:4 3:3 Sòm 14:4 3:3 Éz 11:3 3:4 Det 31:17; És 3:11 3:5 És 3:12 3:6 És 8:20-22 3:6 És 59:10 3:7 És 44:25 3:7 Mi 7:16 3:8 És 61:1-2 3:8 És 58:1 3:9 Sòm 58:1,2 3:10 Jr 22:13,17 3:11 És 1:23 3:11 Jr 6:13 3:12 Jr 26:18 3:12 Sòm 79:1