MICHÉE
1
Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
Tande, O pèp yo, nou tout!
Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.
Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou;
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a.
Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.
Mòn yo fann anba Li;
Vale yo fann tankou lasi devan dife,
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
 
Tout sa se pou rebelyon a Jacob la
ak pou peche Israël la.
Se kisa ki rebelyon a Jacob la?
Èske se pa Samarie?
Se kisa ki wo plas a Juda yo?
Èske se pa Jérusalem?
Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil mazi nan yon chan louvri,
tankou yon kote pou plante yon chan rezen.
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
Tout zidòl li yo va vin kraze nèt,
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,
e tout zidòl li yo Mwen va detwi;
paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo,
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
 
Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.
Mwen oblije ale pye atè ak toutouni.
Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon,
plenyen tankou otrich!
Paske blesi li a p ap ka geri;
paske li fin rive nan Juda.
Li rive nan pòtay a pèp mwen an,
menm Jérusalem.
10  Pa pale sa nan Gath.
Pa kriye menm.
Nan Beth-Leaphra mwen te woule
kò mwen nan pousyè.
11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;
nan lawont ak toutouni ou.
Moun Tsaanan p ap chape.
Plenyen Beth-Haëtsel la:
Li va retire sou ou tout soutyen li.
12 Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon,
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,
rive nan pòtay Jérusalem nan.
13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis!
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.
Lakay Aczib yo va vin yon desepsyon pou wa Israël yo.
15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila
k ap pran posesyon nou an,
O nou menm k ap viv nan Maréscha yo!
Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
16 Vin chòv nèt;
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,
paske yo te ale an egzil kite ou!
 
1:1 Jr 26:18 1:2 Jr 6:19 1:2 És 50:7 1:3 És 26:21 1:3 Am 4:13 1:4 Sòm 97:5 1:5 Jr 2:19 1:5 És 7:9 1:6 II Wa 19:25 1:7 Det 9:21 1:7 Det 23:18 1:8 És 32:11 1:8 És 13:21,22 1:9 És 3:26 1:10 II Sam 1:20 1:11 Éz 23:29 1:11 Jos 15:37 1:12 És 59:9-11 1:13 Jos 10:3 1:14 Jos 15:44 1:14 Jr 15:18 1:15 Jos 15:44 1:15 II Sam 23:13 1:16 És 22:12 1:16 II Wa 17:6