3
“ ‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li san defo devan SENYÈ a. Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la. Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo, epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo. Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
“ ‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl san defo. Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. Epi li va poze men li sou tèt ofrann li an e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo. 10 Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo. 11 Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
12 “ ‘Anplis, si ofrann li an se yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. 13 Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. 14 Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, 15 ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire avèk ren yo. 16 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; tout grès se pou SENYÈ a.
17 “ ‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’ ”
3:1 Lev 1:3 3:2 Lev 1:4 3:2 Egz 29:11-20 3:5 Egz 29:38-42 3:6 Lev 3:1 3:7 Lev 17:8-9 3:8 Lev 1:4 3:8 Lev 3:2 3:9 Lev 17:5 3:10 Lev 3:4-15 3:11 Lev 3:16 3:12 Nonb 15:6-11 3:15 Lev 3:4 3:16 Lev 7:23-25 3:17 Lev 7:26