24
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Kòmande fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil klè ki sòti nan oliv ki te bat yo, pou limyè, pou fè lanp lan briye san rete. Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan. Sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo. Li va kenbe lanp an lòd sou chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan.
Konsa, nou va pran farin fen an e fè douz gato avèk li: de dizyèm pati yon efa va sèvi nan chak gato. Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou tab lò san tach ki devan SENYÈ a. Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo. Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofran ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.
10 Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo. Konsa, fis a fanm Izrayelit la ak yon mesye peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an. 11 Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan. 12 Yo te arete li pou lòd SENYÈ a ta kapab vin klè a yo menm.
13 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di: 14 “Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch. 15 Ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon moun modi Bondye li a, alò, li va pote peche li. 16 Anplis, sila ki blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.
17  “ ‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò. 18  Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi. 19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm: 20 zo kase pou zo kase, zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm. 21 Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò. 22 Va gen yon sèl règleman pou nou. Li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’ ”
23 Konsa, Moïse te pale a fis Israël yo. Yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
24:2 Egz 27:20-21 24:4 Egz 25:31 24:5 Egz 25:30 24:6 Egz 25:24 24:7 Lev 2:2,9,16 24:8 Egz 25:30 24:9 Mat 12:4 24:11 Job 2:5-9 24:14 Det 13:9 24:15 Egz 22:28 24:16 Lev 24:21 24:17 Nonb 35:30-31 24:18 Lev 24:21 24:20 Mat 5:38 24:21 Lev 24:17