19
Alò, SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di: “Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.
“ ‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
“ ‘Pa vire vè zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
“ ‘Alò, lè nou ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a, nou va ofri li pou nou kapab vin aksepte. Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife. Konsa, si li ta manje menm nan twazyèm jou a, sa se yon ofans. Li p ap aksepte. Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.
“ ‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
11  “ ‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
12 “ ‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
13  “ ‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
14 “ ‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
15  “ ‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
16 “ ‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an.
Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
17 “ ‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 “ ‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
19 “ ‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf.
Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn;
Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.
20  “ ‘Alò, si yon nonm kouche nan zak seksyèl avèk yon fanm ki se yon esklav ki te pwomèt pou yon lòt gason, men ki pa t peye ranson li, ni pa t bay li libète l, li va pini. Malgre sa, yo p ap mete li a lanmò, paske li pa t lib. 21 Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon belye pou ofrann koupab la. 22 Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone.
23 “ ‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje. 24 Nan katriyèm ane a, tout fwi li yo va vin sen. Yo va vin yon ofrann lwanj bay SENYÈ a. 25 Nan senkyèm ane a, nou gen pou manje nan fwi li, pou donn li kapab vin anpil pou nou menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
26 “ ‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.
27  “ ‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou.
28 “ ‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
29  “ ‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.
30 “ ‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
31 “ ‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
32  “ ‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
33 “ ‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.
37 “ ‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’ ”
19:3 Det 5:16 19:3 Egz 20:6 19:4 Lev 26:1 19:9 Lev 23:22 19:11 Egz 20:15-16 19:12 Lev 18:21 19:13 Egz 22:7-27 19:14 Det 27:18 19:15 Egz 23:3-6 19:16 Jr 6:28 19:17 I Jn 2:9-11 19:18 Wo 13:9 19:19 Det 22:9-11 19:20 Det 22:23-27 19:21 Lev 6:1-7 19:26 Det 18:10 19:27 Lev 21:5 19:29 Lev 21:9 19:31 Lev 20:6-27 19:32 Lam 5:12 19:33 Egz 22:21 19:34 Lev 19:18 19:36 Det 25:13-15