14
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Sa va lalwa pou moun lalèp la nan jou pirifikasyon li. Alò, li va vin mennen devan prèt la, epi prèt la va ale deyò kan an. Konsa prèt la va gade, e si enfeksyon lalèp la te geri nan moun lalèp la, alò, prèt la va bay lòd pou pran de zwazo pwòp avèk bwa sèd, fisèl wouj avèk izòp pou sila ki va vin pirifye a. Prèt la va osi bay lòd pou touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt an tè sou yon dlo k ap koule. Epi pou zwazo vivan an, li va pran li ansanm avèk bwa sèd yo, fisèl wouj la, ak izòp, e li va fonse yo avèk zwazo vivan an nan san zwazo ki te touye sou dlo k ap koule a. Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri.
“Alò, sila k ap pirifye a va lave rad li yo. Li va raze tout cheve li, e li va lave nan dlo pou vin pwòp. Apre tout sa a, li mèt antre nan kan an, men li va rete deyò tant li an pandan sèt jou. Li va nan setyèm jou a pase razwa nan tout cheve li. Li va taye tèt li, bab li, sousi li, e menm tout cheve li. Alò, li va lave rad li yo e benyen kò l nan dlo. Konsa, li vin pwòp.
10 “Alò, nan uityèm jou a, li gen pou pran de jenn mouton mal san defo, yon jenn mouton femèl laj en nan san defo, twa dizyèm nan yon efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal, ak yon boutèy demi lit lwil. 11 Epi prèt la ki pwoklame li pwòp la va prezante nonm kap vin pirifye a, ak bagay sa yo, devan pòtay Tant Asanble a.
12 “Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo. Li va mennen li pou yon ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. 13 Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout. 14 Alò, prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la, e prèt la va mete li sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 15 Prèt la va osi pran kèk nan boutèy demi lit lwil la, e li va vide li nan pla men goch li. 16 Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a. 17 Nan lwil ki rete nan pla men l lan, prèt la va mete kèk sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous a men dwat li ak sou gwo zòtèy a pye dwat li, sou san a ofrann koupab la. 18 Epi rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a. Epi prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a.
19 “Apre sa, prèt la va ofri ofrann peche a, e li va fè ekspiyasyon pou sila k ap vin pirifye de kondisyon pa pwòp li a. Alò, apre, li va touye ofrann brile a. 20 Prèt la va ofri ofrann brile a ak ofrann sereyal la sou lotèl la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin pwòp.
21  “Men si se yon malere li ye, e mwayen li pa sifi, alò li va pran yon jenn mouton mal tankou ofrann koupab la, tankou yon ofrann voye anlè pou fè ekspiyasyon pou li, e yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal ak yon boutèy demi lit lwil; 22 epi de toutrèl oswa de pijon, sa ki posib selon mwayen li; youn va ofrann peche a, e lòt la va ofrann brile a.
23  “Konsa, nan uityèm jou a, li va mennen yo pou pirifikasyon li bay prèt la, nan pòtay tant asanble a, devan SENYÈ a. 24 Prèt la va pran jenn mouton ofrann koupab la, ak boutèy demi lit lwil la, e prèt la va ofri yo kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. 25 Apre sa, li va touye jenn mouton ofrann peche a. Epi prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la pou mete sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 26 Prèt la va osi vide kèk nan lwil la nan pla men goch li; 27 epi avèk dwèt men dwat li, li va flite kèk nan lwil ki nan pla men goch la sèt fwa devan SENYÈ a. 28 Apre sa, prèt la va mete kèk nan lwil ki nan pla men an sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li, sou gwo zòtèy pye dwat li, sou plas san a ofrann koupab la. 29 Anplis, rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a, pou fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a. 30 Li va, alò, ofri youn nan toutrèl oswa nan pijon yo, selon kapasite li. 31 Sa li kapab selon mwayen li, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile, ansanm avèk ofrann sereyal la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou sila k ap vin pirifye a.”
32 Sa se lalwa pou sila ki gen yon enfeksyon lalèp, ki gen mwayen limite pou pirifikasyon li.
33 SENYÈ a te pale ankò ak Moïse avèk Aaron e te di: 34  “Lè nou antre nan peyi Canaan an, ke Mwen bannou pou posesyon an, e Mwen mete yon mak lalèp kanni sou yon kay nan peyi posesyon pa nou an, 35 alò, sila ki mèt kay la va vin di prèt la konsa, ‘Mwen wè yon bagay tankou yon mak lalèp kanni ki te vin parèt nan kay la.’ 36 Alò, prèt la va pase lòd pou yo mete kay la vid avan prèt la antre pou gade mak la, jis pou tout bagay nan kay la pa oblije vin pa pwòp. Apre, prèt la va antre pou gade kay la. 37 Alò, li va gade mak la, e si mak sou mi kay la fonse avèk koulè tankou vèt oswa wouj ki fonse plis ke sifas la, 38 alò, prèt la va sòti nan kay la pou rive nan pòtay la, e li va fèmen kay la pandan sèt jou. 39 Prèt la va retounen nan setyèm jou a, e li va pase fè enspeksyon. Si mak la te vrèman agrandi nan mi kay la, 40 alò, prèt la va pase lòd pou yo chire retire wòch ki gen mak ladan yo a, pou jete yo deyò nan yon plas ki pa pwòp deyò lavil la. 41 Li va fè yo grate kay la tout anndan, e yo va jete tout vye kras mòtye deyò nan yon plas deyò lavil la. 42 Alò, yo va retire lòt wòch ki kontamine yo pou ranplase yo, e li va pran mòtye nèf pou fè randisaj kay la.
43 “Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la, 44 alò, prèt la va vin antre pou fè yon enspeksyon. Si li wè ke mak la vrèman vin gaye nan kay la ankò, sa se yon mak maleng ki nan kay la. Li pa pwòp. 45 Pou sa, li va kraze kay la nèt, avèk wòch li yo, bwa li yo, ak tout ansyen randisaj li. Li va mete yo deyò lavil la nan yon kote ki pa pwòp.
46 “Anplis, nenpòt moun ki antre nan kay la pandan li te izole a, li va vin pa pwòp pou jis rive nan aswè. 47 Menm jan an, nenpòt moun ki kouche nan kay la, li va lave rad li, e nenpòt moun ki manje nan kay la, li va lave rad li.
48 “Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò. 49 Alò, pou netwaye kay la, li va pran de zwazo avèk bout bwa sèd, avèk yon fisèl wouj, ak izòp, 50 epi li va touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt ak tè anwo dlo fwe. 51 Alò li va pran bout bwa sèd yo avèk izòp ak fisèl wouj la, avèk zwazo vivan an, e li va fonse yo nan san zwazo ki mouri an, e osi nan dlo fwe a, epi li va flite kay la sèt fwa. 52 Konsa li va netwaye kay la avèk san zwazo a e avèk dlo fwe a, ansanm avèk zwazo vivan an, avèk bout bwa sèd yo, avèk izòp e avèk fisèl wouj la. 53 Men li va kite zwazo vivan an vin lage pou l lib deyò lavil la nan yon chan byen laj. Konsa li va fè ekspiyasyon pou kay la, e kay la va vin pwòp.”
54 Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal 55 epi pou yon rad oswa yon kay avèk lalèp kanni, 56 epi pou yon enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan— 57 pou enstwi yo lè yo pa pwòp ak lè yo pwòp.
Sa se lalwa lalèp la.
14:2 Mat 8:4 14:3 Lev 13:4-6 14:4 Lev 14:6-49 14:6 Lev 14:4 14:7 Éz 36:25 14:8 Nonb 5:2-3 14:9 Lev 14:8-20 14:10 Lev 14:12-24 14:12 Lev 5:6-18 14:12 Egz 29:22-26 14:13 Egz 29:11 14:14 Egz 29:20 14:15 Lev 14:10 14:18 Lev 4:26 14:19 Lev 14:8-9 14:20 Lev 14:8-9 14:21 Lev 5:11 14:22 Lev 5:7 14:23 Lev 14:10-11 14:24 Lev 14:10 14:25 Lev 14:14 14:31 Lev 5:7 14:34 Det 7:1 14:35 Sòm 91:10 14:44 Lev 13:51 14:45 Lev 14:41 14:46 Nonb 19:7-22 14:49 Lev 14:4 14:51 I Wa 4:33 14:54 Lev 13:30 14:55 Lev 13:47-52 14:56 Lev 13:2