5
Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè repwòch nou.
Eritaj nou te bay kon don a etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
Nou te devni òfelen san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
Nou oblije achte dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
Nanpwen repo pou nou.
Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
Se esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
Nou riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10 Po nou vin kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11 Yo te ravaje tout fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12 Prens yo te pann pa men yo;
ansyen yo te vin pa respekte.
13 Jennonm yo te fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14 Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite mizik yo.
15 Jwa nan kè nou vin sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16 Kouwòn nan soti sou tèt nou;
malè a nou menm, paske nou te peche!
17 Akoz sa, kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18 Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
 
19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20 Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21  Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22 Men Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.
5:1 Sòm 44:13-16 5:2 És 1:7 5:3 Egz 22:24 5:4 És 3:1 5:5 Né 9:36-37 5:6 Os 9:3 5:7 Jr 14:20 5:8 Né 5:15 5:9 Jr 40:9-12 5:10 Job 30:30 5:11 És 13:16 5:12 És 47:6 5:13 Jij 16:21 5:14 És 24:8 5:15 Jr 25:10 5:16 És 3:9-11 5:17 És 1:5 5:18 Mi 3:12 5:19 Sòm 45:6 5:20 Sòm 13:1 5:21 Sòm 80:3 5:22 Sòm 60:1-2