3
Mwen se moun ki te wè afliksyon
akoz baton kòlè Li a.
Li te mennen mwen,
e te fè m mache nan tenèb,
pa nan limyè.
Anverite, li te vire men L kont mwen
plizyè fwa, tout jounen an.
 
Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen,
Li te kase zo m yo.
Li te jennen mwen e te antoure m
ak ametim ak difikilte.
Nan kote ki fènwa, li te fè m abite,
tankou sila ki fin mouri lontan yo.
 
Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti.
Li te fè chenn mwen an byen lou.
Menm lè m kriye e rele sekou,
Li fèmen lapriyè m deyò.
Li te bloke wout mwen yo ak wòch taye.
Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
 
10 Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann,
tankou yon lyon nan kote an kachèt.
11 Li te detounen tout chemen mwen yo
e Li te chire mwen an mòso;
Li te fè m vin dezole nèt.
12 Li te koube banza Li,
e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
 
13 Li te fè flèch nan fouwo L yo
antre nan ren mwen.
14 Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an,
chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
15 Li te plen mwen ak anmetim.
Li te fè m sou ak dlo absent.
 
16 Li te kase dan m ak gravye.
Li fè m kache nan pousyè.
17 Nanm mwen p ap jwenn lapè ankò.
Bonè vin bliye pou mwen.
18 Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri,
ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
 
19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;
dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.
20 Anverite, nanm mwen sonje yo.
Li vin koube anndan mwen.
21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;
pou sa, mwen gen espwa.
 
22 Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten.
Gran se fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”
Se sa nanm mwen di m.
Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
 
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
26 Se bon pou yon nonm gen espwa,
e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
27 Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
 
28 Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans,
akoz Li te poze sa sou li.
29 Kite li mete bouch li nan pousyè,
si se konsa, pou l ka gen espwa.
30 Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la.
Kite li ranpli ak repwòch.
 
31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
32 Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;
alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
33 Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,
oswa pou atriste fis a lòm yo.
 
34 Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond la,
35 pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,
36 pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li,
sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
 
37 Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive,
amwenske Senyè a te pase lòd la?
38 Èske sa ki bon ak sa ki mal
pa soti nan bouch a Pi Wo a?
39 Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen,
yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
 
40 Annou egzamine e sonde wout nou yo
pou nou retounen kote SENYÈ a.
41 Annou leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;
42 Nou te peche e nou te fè rebèl;
Ou pa t padone.
 
43 Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou.
Ou te touye.
Ou pa t gen pitye menm.
44 Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè,
pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
45 Ou fè nou kon poupou bèt ak fatra
ki rejte nan mitan lòt nasyon yo.
 
46 Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
47  Sezisman ak pyèj tonbe sou nou,
ravaj ak destriksyon.
 
48  Zye m koule nèt ak flèv dlo
akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
49 Zye m koule san sès, san rete menm pou yon ti moman,
50 jiskaske SENYÈ a gade anba
soti nan wotè syèl la pou wè.
51 Zye m pote doulè rive nan nanm mwen,
akoz tout fi nan vil mwen.
 
52  Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo.
Se lènmi m san koz.
53 Yo te fè m rete an silans nan twou fòs la
e te poze yon wòch sou mwen.
54 Dlo yo te koule depase tèt mwen.
Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
 
55 Mwen te rele non Ou, O SENYÈ,
depi nan twou fòs pi ba a.
56 Ou te tande vwa m:
pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou,
ak kriyè mwen an.
 
57 Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a.
Ou te di: “Pa pè!”
 
58 O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an.
Ou te rachte lavi mwen.
59 O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime.
Jije ka m nan.
60 Ou te wè tout vanjans pa yo;
tout manèv yo kont mwen.
 
61 Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ,
tout manèv yo kont mwen.
62  Lèv a sila k ap atake m yo
ak konplo yo kont mwen tout lajounen.
63 Gade jan yo chita ak jan yo leve;
se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
 
64 Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ,
selon zèv men yo.
65 Ou va bay yo yon kè ki di;
madichon pa yo va sou yo.
66 Ou va kouri dèyè yo nan kòlè Ou
e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!
3:1 Sòm 88:7-16 3:2 Job 30:26 3:3 Sòm 38:2 3:4 Sòm 51:8 3:5 Job 19:8 3:6 Sòm 88:5-6 3:7 Job 3:23 3:8 Job 30:20 3:9 És 63:17 3:11 Job 16:12-13 3:12 Job 6:4 3:13 Jr 5:16 3:14 Sòm 22:6-7 3:15 Jr 9:15 3:16 Sòm 3:7 3:17 És 59:11 3:18 Job 17:5 3:20 Sòm 42:5-11 3:21 Sòm 130:7 3:22 Mal 3:6 3:23 Eb 10:23 3:24 Sòm 16:5 3:25 Sòm 27:14 3:26 Sòm 37:7 3:28 Jr 15:7 3:29 Jr 31:17 3:30 Job 16:10 3:31 Sòm 77:7 3:32 Sòm 78:38 3:33 Sòm 119:67-75 3:35 Sòm 140:12 3:36 Jr 22:3 3:37 Sòm 33:9-11 3:38 Job 2:10 3:39 Jr 30:15 3:40 Sòm 119:59 3:41 Sòm 25:1 3:42 Né 9:26 3:43 Lam 2:2-21 3:44 Lam 3:8 3:45 I Kor 4:13 3:46 Job 30:9-10 3:47 És 24:17-18 3:48 Sòm 119:136 3:49 Sòm 77:2 3:50 Sòm 80:14 3:52 I Sam 26:20 3:53 Dan 6:17 3:54 Sòm 69:2 3:55 Sòm 130:1 3:56 Job 34:28 3:57 Sòm 145:18 3:58 Jr 50:34 3:59 Sòm 26:1 3:60 Jr 11:19 3:61 Sòm 74:18 3:62 Sòm 59:7-12 3:63 Sòm 139:2 3:64 Sòm 28:4 3:65 Egz 14:8 3:66 Lam 3:43