19
Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a. Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la. Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l. Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’ ”
Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe. Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme Mwen yo. Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.” ’ ”
Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis. Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: 10 “Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.” 11 Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a? 12 Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo? 13  Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’ ”
14 Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an. 17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20 Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
21 Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an:
“Li te meprize ou e moke ou,
Fi vyèj a Sion an.
Li te souke tèt li dèyè do ou,
Fi a Jérusalem nan!
22 Se kilès ou te repwoche e blasfeme a?
Epi kont kilès ou te leve vwa ou a,
avèk ògèy, ou te leve zye ou?
Kont Sila ki Sen a Israël la?
23  Pa mesaje ou yo, ou te repwoche SENYÈ a.
Ou te di: “Avèk anpil cha mwen yo,
mwen te rive sou wotè a mòn yo.
Jis rive nan kote pi izole nan Liban an,
mwen va koupe gwo bwa sèd li yo,
avèk bwa pichpen pi chwazi li yo.
Epi mwen va antre jis nan lojman pi izole yo,
nan pi gran rakbwa ki te genyen yo.
24 Mwen te fouye pwi yo e te bwè dlo etranje li yo,
Epi avèk pla pye mwen, mwen te seche
tout rivyè Égypte yo.”
25  Èske ou pa t tande?
Depi lontan Mwen te fè l;
Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l.
Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive,
ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.
26 Pou sa, abitan pa yo te manke fòs.
Yo te deranje e te vin wont nèt.
Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt,
tankou zèb sou twati kay ki vin brile avan li kab grandi.
27 Men M konnen chita ou, sòti avèk antre pa ou,
ak laraj ke ou konn fè kont Mwen.
28 Epi akoz laraj ou kont Mwen,
akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen,
pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou,
ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou,
epi Mwen va vire ou fè ou fè bak
pa menm chemen ke ou te antre a.”
29 “Epi sa va sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo. 30  Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè. 31 Paske depi Jérusalem, va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32 “Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: ‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li. 33  Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a. 34  ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’ ”
35  Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri. 36 Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive. 37 Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.
19:1 És 37:1 19:1 I Wa 21:27 19:2 És 1:1 19:4 II Wa 18:35 19:4 És 1:9 19:6 II Wa 18:22-35 19:7 II Wa 19:37 19:8 II Wa 18:14 19:10 II Wa 18:33 19:12 Jen 11:31 19:12 És 37:12 19:13 II Wa 18:34 19:14 És 37:14 19:15 II Wa 5:15 19:16 II Kwo 6:40 19:16 II Wa 19:4 19:18 És 44:9-20 19:19 I Wa 8:42-43 19:20 II Wa 20:5 19:21 Jr 14:17 19:21 Sòm 109:25 19:22 És 5:24 19:23 II Wa 18:17 19:24 És 19:6 19:25 És 45:7 19:25 És 10:5 19:26 Sòm 129:6 19:27 Sòm 139:1 19:28 Éz 19:9 19:29 Egz 3:12 19:30 II Wa 19:4 19:31 És 10:20 19:31 És 9:7 19:32 És 8:7-10 19:33 II Wa 19:28 19:34 II Wa 20:6 19:35 II Sam 24:16 19:36 II Wa 19:7 19:36 Jon 1:2 19:37 II Wa 19:17-31