12
Nan setyèm ane Jéhu, Joas te vin wa a, e li te renye karantan Jérusalem. Non manman li te Tsibja nan Beer-Schéba. Joas te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou li yo depi Jehojada, prèt la, te enstwi li. Sèlman, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.
Alò, Joas te di a prèt yo: “Tout lajan de afè konsakre yo, ki pote antre nan kay SENYÈ a, nan lajan aktyèl la, lajan ranmase kòm devwa a chak mesye ak tout sa ke kè a yon moun ta pouse li pote lakay SENYÈ a; kite prèt yo pran li pou yo menm, yo chak nan men a moun yo konnen. Epi yo va sèvi li pou repare donmaj nan kay la, nenpòt kote yon donmaj ta twouve.”
Men li vin rive ke nan venn-twazan pouvwa a Wa Joas la, prèt yo pa t ankò repare donmaj kay la. Alò, Joas te rele Jehojada, prèt la ak lòt prèt yo, e li te pale yo konsa: “Poukisa ou pa repare donmaj kay la? Alò, pou koz sa a, pa pran kòb ankò nan men moun pa w yo, men pito livre li pou repare donmaj kay la.”
Pou sa, prèt yo te dakò pou yo pa t pran lajan nan men pèp la, ni fè reparasyon kay la. Men Jehojada, prèt la te pran yon kès sere e te pèse yon twou nan tèt bwat la e te mete li akote lotèl la sou kote dwat kote moun antre nan kay SENYÈ a. Epi prèt ki te veye kote papòt la, te mete ladann tout lajan ki te mennen nan kay SENYÈ a. 10 Lè yo te wè ke anpil lajan te nan kès la, grefye a wa a avèk wo prèt la te vin monte, te mare li nan sak yo e te konte lajan ki te twouve nan kay SENYÈ a. 11 Yo te bay lajan ki te peze a, mete nan men a sila ki t ap fè travay yo, ki te responsab nan kay SENYÈ a. Konsa, yo menm te vèse bay li kòm pèyman a chapant avèk ouvriye ki t ap fè zèv travay la nan kay SENYÈ a. 12 Anplis yo te bay a mason yo avèk sila ki t ap taye wòch yo, pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou repare donmaj kay SENYÈ a ak tout sa ki te dispoze pou reparasyon li an. 13 Men yo pa t fè pou lakay SENYÈ a, anyen an ajan, tas yo, etennwa yo, bòl yo, twonpèt yo, ni veso an lò yo, ni veso an ajan yo avèk lajan ki te mennen antre lakay SENYÈ a; 14 paske yo te bay lajan sa a a sila ki te fè travay yo, e avèk li yo te repare lakay SENYÈ a. 15 Anplis, yo pa t egzije yon kontwòl kontab nan men mesye ke yo te mete lajan pou peye sila ki te fè travay yo, paske yo te fidèl. 16 Lajan ofrann koupab la avèk lajan ofrann peche a pa t antre lakay SENYÈ a. Li te pou prèt yo.
17 Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem. 18  Joas, wa Juda a, te pran tout bagay sen ke Josaphat, Joram, ak Achazia, zansèt li yo te konsakre yo ak afè sen pa li yo ak tout lò ki te twouve pami trezò lakay SENYÈ a e li te voye yo bay wa Hazaël, wa Syrie a. Epi Hazaël te kite Jérusalem.
19 Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa li te fè, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda yo? 20  Sèvitè li yo te leve fè yon konplo e te frape Joas lakay Millo a pandan li t ap desann kite Silla. 21 Paske Jozabad, fis a Shomer a, avèk Yehozabad, fis a Schimeath a, sèvitè li yo, te frape li e li te mouri. Yo te antere li avèk zansèt li yo nan vil David la e Amatsia, fis li a, te devni wa nan plas li.
12:1 II Kwo 24:1 12:3 II Wa 14:4 12:4 II Wa 22:4 12:4 Egz 30:13-16 12:6 II Kwo 24:5 12:9 Mc 12:41 12:10 II Sam 8:17 12:12 II Wa 22:5 12:13 II Kwo 24:14 12:15 II Wa 22:7 12:16 Lev 7:7 12:17 II Kwo 24:23-24 12:18 I Wa 14:26 12:20 II Kwo 24:25-27 12:21 II Kwo 24:26 12:21 II Wa 14:1