21
Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo. Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”
Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a. Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin. Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a. Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan. Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon. Alò fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk teren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la. Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo; 10 epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo. 11 Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo. 12 Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l. 13 Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li, 14 epi Jatthir avèk teren patiraj pa li, Eschthemoa avèk teren patiraj pa li, 15 epi Holon avèk teren patiraj pa li, Debir avèk teren patiraj pa li, 16 epi Aïn avèk teren patiraj pa li, Jutta avèk teren patiraj pa li, Beth-Schémesch avèk teren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo. 17 Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk teren patiraj pa li ak Guéba avèk teren patiraj pa li, 18 Anathoth avèk teren patiraj pa li ak Almon avèk teren patiraj pa li; kat vil. 19 Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
20 Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo. 21 Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li, 22 epi Kibtsaïm avèk teren patiraj pa li, Beth-Horon avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li; kat vil. 23 Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li, 24 Ajalon avèk teren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; kat vil. 25 Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk teren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; de vil. 26 Tout vil yo avèk teren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis.
27  A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li ak Beeschthra avèk teren patiraj pa li; de vil. 28 Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk teren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li, 29 Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil. 30 Soti nan tribi Aser, Mischal avèk teren patiraj pa li ak Abdon avèk teren patiraj pa li, 31 Helkath avèk teren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil. 32 Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil. 33 Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
34 A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li. 35 Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil. 36 Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li, 37 Kedémonth avèk teren patiraj pa li ak Méphaath avèk teren patiraj pa li; kat vil. 38 Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk teren patiraj pa li, 39 Hesbon, avèk teren patiraj pa li, Jaezer avèk teren patiraj pa li; kat vil antou. 40 Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil.
41  Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk teren patiraj pa yo. 42 Chak nan vil sila yo te gen teren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo.
43  Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann. 44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo. 45  Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.
21:1 Nonb 35:1-8 21:2 Nonb 35:2 21:8 Jen 49:5 21:11 I Kwo 6:55 21:13 Jos 15:54 21:13 Jos 15:42 21:14 Jos 15:48 21:15 Jos 15:49 21:16 Jos 15:10 21:16 Jos 15:55 21:17 Jos 18:24 21:20 I Kwo 6:66 21:21 Jos 20:7 21:27 I Kwo 6:71 21:32 Jos 20:7 21:34 I Kwo 6:77 21:36 Det 4:43 21:38 Det 4:43 21:38 Jen 32:2 21:41 Nonb 35:7 21:43 Det 34:4 21:44 Egz 23:31 21:45 Jos 23:14