15
Koulye a, tiraj osò a pou tribi fis a Juda yo selon fanmi pa yo te rive nan lizyè Édom an, desann nan sid pou rive nan dezè Tsin nan pwent ki plis nan sid la. Lizyè sid la te sòti nan pwent piba nan Lamè Sale a, soti nan dlo ki vire vè sid la. Konsa, li te kontinye vè sid pou rive nan pant Akrabbim nan. Li te kontinye a Tsin, li te monte vè sid a Kadès-Barnéa, e te kontinye nan Hesbron. Li te monte nan Addar e te vire tounen a Karkaa. Li te pase vè Atsmon e te kontinye pou rive nan ti rivyè Égypte la. Konsa, lizyè a te fini nan lanmè a. Sa va lizyè sid nou.
Lizyè lès la te Lamè Sale a soti nan bouch larivyè Jourdain an. Epi lizyè bò kote nò a te soti nan lanmè a nan bouch Jourdain an. Epi lizyè a te monte vè Beth-Hogla, li te kontinye nan kote nò a Beth-Araba, epi lizyè a te monte nan wòch Bohan nan, fis a Ruben an. Lizyè a te monte vè Debir soti nan vale a Acor a e te vire bò nò a vè Guilgal ki anfas pant pou rive Adummim, ki nan sid vale a, epi lizyè a te kontinye rive jis nan dlo a En-Schémesch pou te fini nan En-Roguel. Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò. Soti nan tèt mòn nan, lizyè a te koube pou rive nan sous ki rele dlo Nephtoach e te rive devan nan vil a Mòn Éphron an, epi lizyè a te vin koube pou rive nan Baala, (sa vle di, Kirjath-Jearim). 10 Lizyè a te vire soti nan Baala vè lwès pou rive nan Mòn Séir, li te kontinye pou rive nan pant Mòn Jearim nan nò (sa vle di Kesalon). Li te desann nan Beth-Schémesch e li te pase nan Timnah. 11 Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a. 12 Lizyè a nan lwès la te nan kot Gran Lamè a. Sa se lizyè ki antoure fis Juda yo selon fanmi pa yo.
13 Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron). 14 Caleb te chase fè sòti la twa fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo.
15 Konsa, li te monte soti la kont sila ki rete Debir yo. Debir oparavan te rele Kirjath-Sépher. 16 Alò, Caleb te di: “Sila ki kaptire li a, mwen va bay li Acsa, fi mwen an, kòm madanm.” 17  Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.
18  Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?”
19 Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo.
20 Sa se eritaj a tribi a fis Juda yo selon fanmi pa yo.
21 Alò, vil nan tribi fis Juda yo, pi lwen vè fwontyè Édom an nan sid la te Kabsteel, Éder, avèk Jagur, 22 epi Kina, Dimona, Adada 23 ak Kédesh, Hatsor, Ithnan, 24 Ziph, Thélem, Bealòth, 25 Hatsor-Hadattha, Kerijoth-Hetsron ki se Hatsor, 26 Amam, Schema, Molada, 27 Hatsar-Gadda, Heschmon, Beth-Paleth, 28 Hatsar-Schual, Beer-Schéba, Bizjothja 29 Baala, Ijjim, Atsem, 30 Eltholad, Kesil, Horma, 31 Tsiklag, Madmanna, Sansanna, 32 Lebaoth, Schilhim, Aïn, avèk Rimmon. Antou, vent-nèf vil avèk bouk pa yo.
33 Nan ba plèn nan: Eschathaol, Tsorea, Aschna, 34 Zanoach, En-Gannim, Tappuach, Énam, 35 Jarmuth, Adullam, Soco, Azéka, 36 Schaaraïm, Adithaïm, Guedéra, avèk Guedérothaïm; katòz vil avèk bouk pa yo. 37 Tsenan, Hadascha, Migdal-Gad, 38 Dilèan, Mitspé, Joktheel, 39 Lakis, Botskath, Églon, 40 Cabbon, Lachmas, Kithlisch, 41 Guedéroth, Beth-Dagon, Naama, avèk Makkéda; sèz vil avèk bouk pa yo. 42 Libna, Éther, Aschan, 43 Jiphatach, Aschna, Netsib, 44 Keïla, Aczib ak Maréscha; nèf vil avèk bouk pa yo. 45 Ékron, avèk vil li yo ak bouk pa li yo; 46 soti nan Ékron menm pou rive nan lanmè a, tout sa ki te menm kote avèk Asdod avèk bouk pa li yo. 47 Asdod, vil pa li yo avèk bouk yo; Gaza, vil pa li yo avèk bouk yo; jis rive nan ti rivyè Égypte la avèk akote Gran Lamè a, menm.
48 Nan peyi ti kolin yo: Schamir, Jatthir, Soco, 49 Danna, kirjath-Sanna, ki se Debir, 50 Anab, Eschthemo, Anim, 51 Gosen, Holon, avèk Guilo, onz vil avèk bouk pa yo. 52 Arab, Duma, Éschean 53 Janum, Beth-Tappuach, Aphéka, 54 Humta, Kirjath-Arba, ki se Hébron, avèk Tsior; nèf vil avèk bouk pa yo. 55 Maon, Carmel, Ziph, Juta, 56 Jizreel, Jokdeam, Zanoach, 57 Kaïn, Guibea, avèk Thimna; dis vil avèk bouk pa yo. 58 Halhul, Beth-Tsur, Guedor, 59 Maarath, Beth-Anoth, avèk Elthekon; sis vil avèk bouk pa yo. 60 Kirjath-Baal, ki se Kirjath-Jearim ak Rabba; de vil avèk bouk pa yo.
61 Nan dezè a: Beth-Araba, Middin, Secaca, 62 Nibschan, Ir-Hammélach ak En-Guédi; sis vil avèk bouk pa yo.
63 Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.
15:1 Nonb 34:3-4 15:4 Nonb 34:5 15:4 Jen 15:18 15:5 Nonb 34:3-12 15:7 Jos 7:24 15:8 Jos 15:63 15:10 Jen 38:13 15:13 Jos 14:13-15 15:14 Nonb 13:33 15:15 Jos 10:38 15:17 Jij 1:13 15:18 Jij 1:14 15:21 Jen 35:21 15:63 Jij 1:21