9
O ke tèt mwen te dlo,
e ke zye m yo te yon fontèn dlo,
pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit
pou lanmò a fi a pèp mwen an!
O ke m ta gen nan dezè a,
yon plas pou moun k ap vwayaje rete,
pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.
Pou m kite yo nèt!
Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.
Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.
Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,
e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
“Fòk chak byen veye kont vwazen li,
pou l pa mete konfyans nan okenn frè;
akoz tout frè yo aji nan koken,
e tout vwazen yo ap voye kout lang.
Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.
Yo refize pale verite.
Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;
yo vin fatige nèt nan fè inikite.
Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.
Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv;
paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
Lang pa yo se yon flèch mòtèl;
li pale manti.
Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,
men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.
“Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri
ak dèy pou patiraj dezè a,
gwo plent, akoz yo vin brile nèt,
jiskaske pèsòn pa pase ladann.
Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò;
ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale;
yo ale nèt.
 
11 “Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi,
yon kote abandone pou chen mawon.
Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt,
san pèsòn pou rete ladan.”
12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
13 SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14 men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” 15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16 Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Konsidere e rele fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.
Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!
18 Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou,
pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka
fè dlo kouri desann.
19 Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion:
‘A la detwi nou vin detwi nèt!
Nou te vin mete nan gwo wont,
paske nou te kite peyi la,
akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’ ”
 
20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo.
Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li.
Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy.
Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.
21 Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt.
Li te antre nan palè nou yo
pou fèmen timoun yo andedan
ak jenn gason yo nan lari.
22 Pale, “Konsa di SENYÈ a,
“ ‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan,
tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.
Pèsòn p ap ranmase yo.’ ”
23 Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke se Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”
9:1 Jr 6:26 9:2 Jr 5:7-8 9:4 Sòm 12:2 9:5 Mi 6:12 9:6 Job 21:14-15 9:7 Os 11:8 9:8 Sòm 28:3 9:10 Jr 12:4-10 9:11 És 25:2 9:12 Sòm 107:34 9:13 II Kwo 7:19 9:14 Jr 7:24 9:15 Sòm 80:5 9:16 Lev 26:33 9:17 II Kwo 35:25 9:18 És 22:4 9:19 Det 28:29 9:20 És 32:9 9:21 II Kwo 36:17 9:22 Sòm 83:10 9:23 Ekl 9:11 9:24 Sòm 20:7 9:25 Jr 4:4 9:26 Lev 26