6
“Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon. Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt. Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.
“Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long! Leve e annou atake pandan nwit lan pou detwi palè li yo!” Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an. Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan. Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”
10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann. 11 Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan.
“Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble;
paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran,
menm sa ki nan laj ak granmoun.
12  Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo
ak madanm yo ansanm;
paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete
nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.
13 Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo;
yo tout se voras dèyè richès.
Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la.
Tout se malonèt.
14 Yo te geri gwo blese pèp Mwen an ak pansman lejè.
Y ap di: “Lapè, lapè”, men nanpwen lapè.
15 Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè?
Yo pa t wont menm.
Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont.
Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo.
Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo,
yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.
16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’. 17 Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’ 18 Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo. 19 Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li. 20 Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”
21 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.” 22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen. 23 Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion nan!”
24 Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche. 25 Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote. 26 O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
27 “Mwen te fè ou eseyis la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo. 28 Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi. 29 Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men mechan yo pa janm vin separe. 30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”
6:1 Jos 18:28 6:2 És 1:8 6:3 Jr 12:10 6:4 Jr 6:23 6:5 És 32:14 6:6 Jr 32:24 6:7 Jr 20:8 6:8 Éz 23:18 6:9 Jr 16:16 6:10 Jr 20:8 6:11 Job 32:18-19 6:12 Det 28:30 6:13 És 56:11 6:14 Jr 8:11 6:15 Jr 3:3 6:16 Mat 11:29 6:17 És 21:11 6:19 Pwov 1:31 6:20 Egz 30:23 6:21 És 8:14 6:22 Jr 1:15 6:23 És 13:18 6:24 És 21:3 6:25 Jr 20:10 6:26 Am 8:10 6:27 Jr 1:18 6:28 Éz 22:18 6:29 Jr 15:9 6:30 Jr 7:29