4
“Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; pa simen pami pikan yo. Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’ Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e pwofèt yo va etone.”
10 Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
11 Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye. 12 Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
13 Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! 14 Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou? 15 Paske yon vwa deklare soti Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. 16 “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo. 17 Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’ ”, deklare SENYÈ a. 18  “Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19  Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 20  Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. 21 Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
22 “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.” 23 Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè. 24 Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou. 25 Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout zwazo syèl yo te vin sove ale. 26 Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. 27 Paske konsa pale SENYÈ a: “Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. 28 Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
29 Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. 30 Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. 31 Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”
4:1 Jr 3:22 4:2 És 48:1 4:3 Mat 13:7 4:4 Am 5:6 4:5 Jos 10:20 4:6 Jr 1:14-15 4:7 Jr 5:6 4:8 És 22:12 4:9 És 29:9-10 4:10 Éz 14:9 4:11 Jr 13:24 4:13 Lam 4:19 4:14 Pwov 1:22 4:15 Jr 8:16 4:16 És 39:3 4:17 És 1:20-23 4:18 Sòm 107:17 4:19 És 15:5 4:20 Sòm 42:7 4:22 Jr 9:3 4:23 Jen 1:2 4:24 És 5:25 4:25 Jr 9:10 4:27 Jr 12:11-12 4:29 II Wa 25:4 4:30 És 10:3 4:31 És 42:14