39
Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li. Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la. Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylon yo. Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li. Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo. Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo. Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone. 10 Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
11 Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di: 12 “Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
13 Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo, 14 te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
15 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te anprizone nan lakou kay gad la. Li te di: 16 “Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a. 17 Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo. 18 Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’ ”
39:1 II Wa 25:1-2 39:2 II Wa 25:4 39:3 Jr 38:17 39:4 II Kwo 32:5 39:5 II Wa 23:33 39:7 II Wa 25:7 39:8 II Wa 25:9 39:9 Jr 38:19 39:10 II Wa 25:12 39:11 Job 5:15-16 39:12 Sòm 105:14-15 39:14 Jr 38:28 39:15 Jr 38:28 39:16 Sòm 91:8 39:17 Sòm 41:1-2 39:18 Sòm 34:22