36
Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a. Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”
Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo. Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a. Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo. Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”
Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a. Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon jèn devan SENYÈ a. 10 Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.
11 Alò, lè Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la, 12 Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo. 13 Michée te deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la. 14 Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.”
Konsa Baruc, fis a Nethania, te pran woulo a nan men l e te ale kote yo. 15 Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.”
Konsa, Baruc te li li bay yo.
16 Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.” 17 Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”
18 Epi Baruc te di yo: “Li te dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.” 19 Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”
20 Pou sa, yo te ale kote wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a. 21 Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a. 22 Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l. 23 Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a. 24 Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo. 25 Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo. 26 Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.
27 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di: 28  “Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a. 29 Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’ ” ’ 30 ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit. 31 Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.” ’ ”
32 Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.
36:1 II Wa 24:1 36:2 Jr 3:3-10 36:3 Jon 3:10 36:4 Jr 36:14 36:5 Jr 32:2 36:6 Jr 36:9 36:7 I Wa 8:33 36:8 Jr 1:17 36:9 Jij 20:26 36:10 Jr 35:4 36:11 Jr 36:13 36:12 Jr 36:20 36:13 II Wa 22:10 36:14 Jr 36:2 36:15 Jr 36:21 36:16 Jr 36:24 36:17 Jn 9:10-26 36:18 Jr 36:4 36:19 I Wa 17:3 36:20 Jr 36:12 36:21 II Wa 22:10 36:22 Jij 3:20 36:23 I Wa 22:8-27 36:24 Sòm 36:1 36:25 Jen 37:22-27 36:26 I Wa 19:1-14 36:27 Jr 36:23 36:28 Jr 36:4-23 36:29 És 29:21 36:30 II Wa 24:12-15 36:31 Jr 23:34 36:32 Egz 4:15-16