25
Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan), ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
SENYÈ a te voye bannou tout sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute, Li te di: “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan. Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”
“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan. 10 Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan. 11 Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan swasann-dis ane.”
12 “Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan. 13 Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo. 14 (Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”
15 Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l. 16 Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”
17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l: 18  Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a; 19  Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a; 20 epi tout etranje yo, tout wa peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo; 21 Édom, Moab ak fis Ammon yo; 22 epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa peyi kot ki lòtbò lanmè yo; 23 Dedan ak Théma, ak Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo; 24 epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo; 25 epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo; 26 epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo.
27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.” ’
28 Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè! 29 Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.” ’
30 “Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo:
‘SENYÈ a va gwonde fò depi anwo;
vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an.
Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an.
Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo,
kont tout sila ki rete sou latè yo.
31 Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè,
akoz SENYÈ a gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo.
Li va antre nan jijman ak tout chè yo.
Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’ ” deklare SENYÈ a.
32 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon,
e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.
33 Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.
34 Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo;
rele anmwey!
Woule kò nou nan sann,
nou menm ki mèt a bann mouton yo;
paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive,
e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
35  Sove ale pa p posib pou bèje yo.
Mèt bann mouton yo p ap chape.
36 Tande kri a bèje yo,
ak plent a mèt bann mouton yo.
Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo,
37 Epi pak mouton lapè yo tonbe an silans,
akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
38 Li soti nan kote kachèt Li yo kon lyon an,
paske peyi yo te devni yon gwo laperèz
akoz gwo vyolans nepe k ap oprime,
e akoz gwo raj a kòlè Li.
25:1 II Wa 24:1-2 25:2 Jr 18:11 25:4 II Kwo 36:15 25:5 II Wa 17:13 25:6 Det 6:14 25:9 És 13:3 25:10 És 24:8-11 25:11 II Kwo 36:21 25:12 Esd 1:1 25:13 Jr 36:4-32 25:14 Jr 27:7 25:15 Job 21:20 25:16 Na 3:11 25:17 Jr 1:10 25:18 Sòm 60:3 25:19 Jr 46:2-28 25:20 Job 1:1 25:21 Jr 48:1-47 25:22 Jr 31:10 25:23 Jen 22:21 25:25 Jen 10:22 25:26 Jr 25:9 25:27 Éz 21:4-5 25:28 Job 34:33 25:29 I Wa 8:43 25:30 Jl 2:11 25:31 Os 4:1 25:32 És 30:30 25:33 És 34:2-3 25:34 És 34:6-7 25:35 Job 11:20 25:37 És 27:10 25:38 Jr 4:7