13
Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
Konsa mwen te achte senti a selon pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di: “Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”
Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.
Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.”
Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan. 10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt. 11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’
12 “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.” ’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’ 13 Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la! 14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.” ’ ”
15 Koute e prete atansyon ak sa.
Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.
16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa,
avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo;
pou pandan nou ap tann limyè,
Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a
pou l rive nan tenèb ki san espwa.
17 Men si ou pa koute sa a,
nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a.
Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo,
akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
18 Di a wa a ak manman rèn nan:
“Pran yon chèz ki ba,
paske bèl kouwòn ou an,
kouwòn de glwa a menm,
fin tonbe kite tèt ou.”
19  Vil negev yo te fèmen ak kle,
e nanpwen moun ki pou louvri yo.
Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
20 Leve zye ou pou wè, men sila k ap vini soti nan nò yo.
Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?
21 Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou—
konsi, se nou menm ki te enstwi yo—
ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou?
Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?
22 “Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?”
Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire
e talon ou yo te vin ekspoze.
23  Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li,
oswa leyopa a takte li yo?
Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal,
ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
 
24 Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.
25 “Sa se tiraj osò pa nou,
pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a,
“akoz nou te bliye Mwen
e te mete konfyans nan sa ki fo.
26 Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou,
pou wont ou kapab vin vizib.
27 Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo
e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo,
sou kolin ak nan chan yo.
Malè a ou menm, O Jérusalem!
Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?”
Pou konbyen de tan sa va dire?
13:1 Jr 13:11 13:2 És 20:2 13:4 Jr 51:63 13:5 Egz 39:42-43 13:9 Lev 26:19 13:11 Egz 19:5-6 13:13 Sòm 60:3 13:14 Det 29:20 13:15 Pwov 16:5 13:16 És 5:30 13:17 Mal 2:2 13:18 II Wa 24:12 13:19 Jr 32:44 13:20 Jr 1:15 13:21 Jr 2:25 13:22 Jr 5:19 13:23 Pwov 27:22 13:24 Lev 26:33 13:25 Job 20:29 13:26 Lam 1:8 13:27 Jr 5:7-8