11
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: “Koute pawòl akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.” ’ ”
Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo. ‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’ ”
Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. 10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.
14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.
15 Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an
konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason,
epi chè sen an fin kite ou?
Lè ou te fè mal sa a,
konsa, ou te rejwi.”
 
16 SENYÈ a te bay ou non:
“Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”.
Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a,
e branch li yo te kase.
17 SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
18 Anplis, SENYÈ a te fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. 19 Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,
“Annou detwi bwa a ak fwi li.
Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo,
pou non li pa sonje ankò.”
20 Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo,
ki sonde santiman ak kè yo,
kite mwen wè vanjans Ou sou yo;
paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
21 Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— 22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 23 Menm yon retay p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”
11:2 Egz 19:5 11:3 Det 27:26 11:4 Det 4:20 11:5 Egz 13:5 11:6 Jn 13:17 11:7 I Sam 8:9 11:8 Lev 26:14-43 11:9 Éz 22:25 11:10 Jij 2:11-13 11:11 II Wa 22:16 11:12 Det 32:37 11:13 Jr 3:24 11:14 Jr 3:24 11:15 Jr 13:27 11:16 Sòm 83:2 11:17 Jr 7:9 11:18 I Sam 23:11-12 11:19 És 53:7 11:20 Jen 18:25 11:21 Jr 1:1 11:22 II Kwo 36:17 11:23 Jr 6:9