Liv
JÉRÉMIE
1
1 Pawòl a ✡Jérémie yo, fis a Hilkija a, youn nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin. 2 Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou ✡Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an. 3 Li te anplis, vin rive nan jou ✡Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a. 4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te ✡deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske ✡mwen se sèlman yon jennonm.”
7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e ✡tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 8 ✡Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
9 Epi SENYÈ a te lonje men L e te ✡touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. 10 Ou wè, ✡Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
11 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, ✡Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
12 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske ✡Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
13 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?
Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” ✡ 14 Konsa, SENYÈ a te di mwen: ✡“Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. 15 Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;
“Yo va vini, e yo chak va ✡plase twòn yo
nan antre pòtay Jérusalem nan,
kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
16 Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,
akòz yo te abandone Mwen,
te ✡ofri sakrifis a lòt dye yo,
e te adore pwòp zèv men pa yo.
17 “Alò, pou sa a, ✡mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo. 18 Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a. 19 Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske ✡Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
✡ 1:1 II Kwo 35:25 ✡ 1:2 I Wa 13:2 ✡ 1:3 II Wa 23:34 ✡ 1:5 Jr 1:10 ✡ 1:6 I Wa 3:7 ✡ 1:7 Nonb 22:20 ✡ 1:8 Egz 3:12 ✡ 1:9 És 6:7 ✡ 1:10 Rev 11:3-6 ✡ 1:11 Jr 24:3 ✡ 1:12 Jr 31:28 ✡ 1:13 Za 4:2 ✡ 1:14 És 41:25 ✡ 1:15 És 22:7 ✡ 1:16 Jr 7:9 ✡ 1:17 I Wa 18:46 ✡ 1:19 Nonb 14:9