16
1 “Mwen pale nou ✡bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
2 “Yo va ✡mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. 3 Bagay sa yo, yo va fè ✡paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. 4 Men bagay sa yo Mwen te pale nou an ✡pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
5 “Men koulye a, ✡M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? 6 Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, ✡gwo doulè antre nan kè nou.
7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, ✡Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, ✡M ap voye Li bay nou. 8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. 9 Konsènan peche, ✡paske yo pa kwè nan Mwen, 10 Selon ✡ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11 ✡Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13 Men lè Li, ✡Lespri verite a vini, Li va ✡dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va ✡fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15 ✡“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16 “Yon ti tan, e ✡nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke ✡M ap prale nan Papa a’?” 18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19 ✡Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke ✡nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men ✡tristès la va vin chanje an jwa. 21 ✡Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 “Konsa, ✡nou menm tou gen tristès koulye a. Men ✡Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23 “E nan jou sa a ✡nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, ✡si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24 ✡“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25 “Bagay sa yo Mwen pale nou an ✡parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26 “Nan jou sa a ✡nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27 Paske ✡Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen ✡te sòti nan Papa a. 28 Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap ✡prale kote Papa a.”
29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap ✡sèvi ak parabòl. 30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou ✡kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, ✡pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. ✡Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou ✡nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. ✡Mwen venk lemonn.”
✡ 16:1 Jn 15:18-27 ✡ 16:2 Jn 9:22 ✡ 16:3 Jn 8:19-55 ✡ 16:4 Jn 13:19 ✡ 16:5 Jn 7:33 ✡ 16:6 Jn 14:1 ✡ 16:7 Jn 14:16 ✡ 16:7 Jn 14:26 ✡ 16:9 Jn 15:22-24 ✡ 16:10 Trav 3:14 ✡ 16:11 Jn 12:31 ✡ 16:13 Jn 14:7 ✡ 16:13 Jn 14:26 ✡ 16:14 Jn 7:39 ✡ 16:15 Jn 17:10 ✡ 16:16 Jn 14:18-24 ✡ 16:17 Jn 16:5 ✡ 16:19 Mc 9:32 ✡ 16:20 Luc 23:27 ✡ 16:20 Jn 20:20 ✡ 16:21 És 13:8 ✡ 16:22 Jn 16:6 ✡ 16:22 Jn 16:16 ✡ 16:23 Jn 16:19-30 ✡ 16:23 Jn 15:16 ✡ 16:24 Jn 14:14 ✡ 16:25 Mat 13:34 ✡ 16:26 Jn 16:19-30 ✡ 16:27 Jn 14:21-23 ✡ 16:27 Jn 8:42 ✡ 16:28 Jn 13:1-3 ✡ 16:29 Mat 13:34 ✡ 16:30 Jn 2:11 ✡ 16:32 Za 13:7 ✡ 16:32 Jn 8:29 ✡ 16:33 Jn 14:27 ✡ 16:33 Wo 8:37