2
1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi ✡nan vant pwason an. 2 Li te di:
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè ✡sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
3 Ou te ✡jete mwen nan gwo pwofondè a,
nan kè lanmè yo,
e gwo kouran dlo a te vale mwen.
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè
ou yo te pase sou mwen.
4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te ✡vin chase lwen fas ou.
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
5 ✡Dlo te antoure mwen
jiskaske m rive nan pwen lanmò.
Gwo ✡pwofondè a te vale mwen;
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,
men Ou te ✡leve lavi m monte soti nan fòs la,
O SENYÈ Bondye mwen an!
 
7 “Pandan mwen t ap ✡vin endispoze nèt,
Mwen te ✡sonje SENYÈ a
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
8 Sila ki ✡konsidere zidòl san valè yo
abandone tout sous mizerikòd,
9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va ✡akonpli.
✡Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10 Epi SENYÈ a te kòmande ✡pwason an
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.
✡ 2:1 Job 13:15 ✡ 2:2 Sòm 18:5,6 ✡ 2:3 Sòm 69:1,2,14,15 ✡ 2:4 Sòm 31:22 ✡ 2:5 Lam 3:54 ✡ 2:5 Sòm 69:1-2 ✡ 2:6 Job 33:28 ✡ 2:7 Sòm 142:3 ✡ 2:7 Sòm 77:10,11 ✡ 2:8 II Wa 17:15 ✡ 2:9 Job 22:27 ✡ 2:9 Sòm 3:8 ✡ 2:10 Jon 1:17