17
Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica. Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”
Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.”
Konsa, lè li te fin retounen ajan an bay manman l, manman l te pran de-san pyès ajan an, li te bay yo a yon bòs fonn ajan, ki te fè avèk yo, yon imaj taye. Yo te rete lakay Mica.
Epi nonm nan, Mica, te gen yon lye sakre, li te fè yon efòd avèk zidòl lakay yo, e li te konsakre youn nan fis li yo pou ta kapab sèvi kòm prèt li. Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l. Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la. Konsa, nonm sa a te pati nan vil la, soti nan Bethléhem nan Juda pou ale rete nenpòt kote ke li ta kab twouve. Epi pandan li t ap fè vwayaj la, li te rive nan peyi ti kolin Ephraïm yo, vè lakay Mica. Mica te mande li: “Se kibò ou sòti?”
Li te reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Bethléhem nan Juda, epi mwen pral rete nenpòt kote ke m twouve.”
10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre. 11 Levit la te vin antann avèk nonm nan e jennonm nan te vin pou li tankou youn nan fis li yo. 12 Alò, Mica te konsakre Levit la; jennonm nan de vin prèt li e li te rete lakay Mica. 13 Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.”
17:3 Egz 20:4 17:5 Jij 18:24 17:5 Nonb 3:10 17:6 Jij 18:1 17:6 Det 12:8 17:8 Jos 24:33 17:10 Jij 18:19 17:12 Nonb 16:10