14
Samson te desann Thimna. La li te wè yon fanm Thimna; youn nan fi Filisten yo. Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.”
Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou alepran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?”
Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.”
Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël.
Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li. Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a. Konsa, li te desann pale avèk fanm nan, epi li te fè kè l kontan. Lè l te retounen pita pou pran l, li te vire akote pou gade kadav lyon an. Epi vwala, yon desen myèl te nan kò lyon an. Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an. 10 Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo. 11 Lè yo te wè li, yo te mennen trant zanmi parèy a yo pou yo ta kab la avèk li.
12 Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman. 13 Men si nou pa kab reponn mwen, alò, nou va ban mwen trant echanj vètman.”
Yo te di li: “Bannou kont lan pou nou kab koute li.”
14 Konsa, li te di yo:
“Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje.
Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.”
Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan. 15 Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”
16 Madanm a Samson te kriye devan li e te di: “Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.”
Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?”
17 Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo. 18 Konsa, mesye lavil yo te di a li nan setyèm jou a avan solèy la te kouche: “Se kisa ki pi dous ke siwo myèl? Epi kisa ki pi fò pase yon lyon?”
Li te reponn yo:
“Si nou pa t raboure avèk gazèl bèf mwen,
nou pa t ap dekouvri kont mwen an.”
19  Lespri SENYÈ a te vini sou li byen fò, e li te desann Askalon pou te touye trant nan Filisten yo. Li te pran piyaj pa yo e te bay echanj rad yo a sila ki te reponn kont lan. Epi kòlè li te monte, e li te monte vè lakay papa l. 20 Men madanm a Samson an te vin bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li.
14:3 Jen 24:3 14:3 Egz 34:16 14:4 Jos 11:20 14:6 Jij 3:10 14:12 Éz 17:2 14:15 Jij 16:5 14:16 Jij 16:15 14:19 Jij 3:10 14:20 Jij 15:2