10
Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.
Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan. Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a. Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.
Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li. Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo. Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo. Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël. 10 Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”
11 SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo? 12 Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo. 13 Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò. 14  Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”
15 Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.” 16  Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.
17 Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa. 18 Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”
10:1 Jij 2:16 10:4 Nonb 32:41 10:6 Jij 2:13 10:6 Det 31:16 10:7 I Sam 12:9 10:10 I Sam 12:10 10:11 Jij 2:12 10:11 Nonb 21:21-25 10:12 Sòm 106:42 10:13 Jr 2:13 10:14 Det 32:37 10:15 I Sam 3:18 10:16 Jos 24:23 10:16 Det 32:36 10:17 Jij 11:29