III JEAN
1
1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen ✡renmen an verite.
2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a. 3 Paske mwen te ✡tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 ✡Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
5 Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou lè se ✡moun ou pa rekonèt yo. 6 Yo pote temwayaj lanmou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ✡ki gen merit devan Bondye. 7 Paske yo te sòti pou kòz a ✡Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo. 8 Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.
9 Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe ✡ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale a.
10 Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa ✡li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi ✡mete yo deyò legliz la.
11 Zanmi mwen yo ✡pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
12 Démétrius te resevwa yon bon temwayaj a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwayaj nou sou sa, epi ✡ou konnen ke temwayaj nou vrè.
13 ✡Mwen te gen anpil bagay pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank; 14 men ✡mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fasafas.
15 Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.
✡ 1:1 I Jn 3:18 ✡ 1:3 II Jn 4 ✡ 1:4 III Jn 3 ✡ 1:5 Wo 12:13 ✡ 1:6 Kol 1:10 ✡ 1:7 Jn 15:21 ✡ 1:9 II Jn 9 ✡ 1:10 II Jn 10 ✡ 1:10 Jn 9:34 ✡ 1:11 Sòm 34:14 ✡ 1:12 Jn 19:35 ✡ 1:13 II Jn 12 ✡ 1:14 Jn 10:3