3
1 Gade ✡ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ✡timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke ✡lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va ✡wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen ✡espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. ✡Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab ✡retire peche yo, epi ✡nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li ✡pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Timoun yo, pa kite pèsòn ✡twonpe nou. ✡Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se ✡dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9 Nanpwen pèsòn ki ✡ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke ✡pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen ✡frè li a.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ✡ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon ✡Caïn, ki te apatyen a ✡mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
13 Pa etone, frè yo, si ✡lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou ✡kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt moun ki ✡rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke ✡Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men ✡nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi ✡sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan ✡verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou ✡nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen ✡konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou ✡kenbe kòmandman Li yo, epi fè ✡bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou ✡kwè nan ✡non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
24 Sila a ki ✡kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke ✡Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
✡ 3:1 Jn 3:16 ✡ 3:1 Jn 1:12 ✡ 3:2 Wo 8:29 ✡ 3:2 Jn 17:24 ✡ 3:3 Wo 15:12 ✡ 3:4 Wo 4:15 ✡ 3:5 Jn 1:29 ✡ 3:5 II Kor 5:21 ✡ 3:6 I Jn 3:9 ✡ 3:7 I Jn 2:26 ✡ 3:7 I Jn 2:29 ✡ 3:8 Jn 8:44 ✡ 3:9 Jn 1:13 ✡ 3:10 Jn 1:12 ✡ 3:10 I Jn 2:9 ✡ 3:11 Jn 15:12 ✡ 3:12 Jen 4:8 ✡ 3:12 I Jn 2:13 ✡ 3:13 Jn 15:18 ✡ 3:14 Jn 5:24 ✡ 3:15 Mat 5:21 ✡ 3:16 Jn 10:11 ✡ 3:17 Jc 2:15 ✡ 3:17 Det 15:7 ✡ 3:18 II Jn 1 ✡ 3:19 I Jn 2:21 ✡ 3:21 I Jn 2:28 ✡ 3:22 I Jn 2:3 ✡ 3:22 Jn 8:29 ✡ 3:23 Jn 6:29 ✡ 3:23 Jn 1:12 ✡ 3:24 I Jn 2:3 ✡ 3:24 I Jn 2:5