62
1 Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans
e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,
jiskaske ✡ladwati li vin parèt tankou gran limyè
e sali li tankou yon tòch k ap brile.
2 ✡Nasyon yo va wè ladwati ou
e tout wa yo glwa ou.
Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.
3 Anplis, ou va yon ✡kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a ,
e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
4 Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,
ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;
men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: ✡“Marye”.
Paske SENYÈ a pran plezi nan ou
e a Li menm, peyi ou va marye.
5 Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,
konsa fis ou yo va marye avèk ou;
epi menm jan jennonm maryaj la
ap rejwi ak jenn fi maryaj la,
konsa ✡Bondye ou a va rejwi ak ou.
 
6 Sou miray ou yo, O Jérusalem,
Mwen te plase ✡gadyen yo.
Tout lajounen ak tout lannwit,
yo p ap janm rete an silans.
Nou menm ki raple SENYÈ a,
pa pran repo pou tèt nou;
7 ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli
e fè ✡Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.
 
8 ✡SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.”
9 Men sila ki ✡ranmase li,
se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.
Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktyè pa Mwen an.
 
10 Antre ladann, antre nan pòtay yo!
Netwaye chemen an pou pèp la!
✡Bati, bati chemen an!
Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
11 Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:
“Di a fi Sion an: ‘Men ✡sali ou a rive!
Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’ ”
12 Konsa, yo va rele yo: ✡“Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.
Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,
Yon Vil Ki Pa Abandone.”
✡ 62:1 És 1:26 ✡ 62:2 És 60:3 ✡ 62:3 És 28:5 ✡ 62:4 Os 2:19-20 ✡ 62:5 És 65:19 ✡ 62:6 És 52:8 ✡ 62:7 És 60:18 ✡ 62:8 És 45:23 ✡ 62:9 És 65:13-23 ✡ 62:10 És 57:14 ✡ 62:11 És 51:5 ✡ 62:12 Det 7:6