25
1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; ✡plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon ✡ palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. ✡Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj . 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a ✡mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese ✡zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.
6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou ✡tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt ✡kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te ✡vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, ✡sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!” 10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a.
Epi ✡Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. 11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va ✡desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. 12 L ap desann ranfòsman fò ki ✡pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.
✡ 25:1 Ef 1:11 ✡ 25:2 És 13:22 ✡ 25:3 És 13:11 ✡ 25:4 És 29:5-20 ✡ 25:5 Jr 51:54-56 ✡ 25:6 És 2:2-4 ✡ 25:7 II Kor 3:15-16 ✡ 25:8 Os 13:14 ✡ 25:9 És 35:2 ✡ 25:10 És 16:14 ✡ 25:11 Job 40:11 ✡ 25:12 És 15:1