21
1 Pwofesi konsènan dezè lanmè a.
Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonan. 2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. ✡Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann. 3 Pou rezon sa a, ✡kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè. 4 Panse mwen ap vire tounen. Gwo laperèz plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin ✡fè m tranble. 5 Yo ✡prepare tab la, yo plase gadyen an, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo! 6 Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li ✡bay rapò a sa li wè a. 7 Lè l wè sila ki ✡monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.” 8 Gadyen an rele kon yon lyon: ✡“O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou a! Nan lannwit sou pòs gad la! 9 Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout ✡imaj a dye li yo kraze atè.”
10 O ✡moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen. 11 Pwofesi konsènan Edom an.
Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan ✡Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?” 12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
13 Pwofesi konsènan Arabie a.
Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a ✡Dedan yo. 14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi ✡Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an. 15 Paske yo te ✡sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la. 16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a ✡Kédar va fini; 17 epi ✡retay sòlda banza yo, mesye pwisan an, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”
✡ 21:2 És 24:16 ✡ 21:3 És 13:8 ✡ 21:4 Det 28:67 ✡ 21:5 Jr 51:39-57 ✡ 21:6 II Wa 9:17-20 ✡ 21:7 És 21:9 ✡ 21:8 Ag 2:1 ✡ 21:9 És 46:1 ✡ 21:10 Jr 51:33 ✡ 21:11 Jen 32:3 ✡ 21:13 Jen 10:7 ✡ 21:14 Jen 25:15 ✡ 21:15 És 13:14-15 ✡ 21:16 Sòm 120:5 ✡ 21:17 És 10:19