3
Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, epi pou nou kapab delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. 13 Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.
14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont. 15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.
16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
17 Mwen, Paul ekri salitasyon sa a avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri.
18  Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.
3:1 I Tes 5:25 3:2 Wo 15:31 3:3 I Kor 1:9 3:4 I Tes 4:10 3:5 I Tes 3:11 3:6 Wo 16:17 3:7 I Tes 1:6 3:8 I Tes 2:9 3:9 I Kor 9:4-18 3:10 I Tes 4:11 3:11 I Tes 5:13 3:12 I Tes 4:11 3:13 Gal 6:9 3:14 II Tes 3:6 3:14 Tit 2:8 3:15 I Tes 5:14 3:16 Rt 2:4 3:17 I Kor 16:21 3:18 Wo 16:20