5
Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou lannwit. Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10  Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
Viv nan lapè avèk youn lòt.
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16  Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19  Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize pawòl pwofetik yo. 21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24  Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
25 Frè m yo priye pou nou.
26  Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27 Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.
28 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.
5:1 Trav 1:7 5:2 I Kor 1:8 5:3 II Tes 1:9 5:3 Jn 16:21 5:4 Trav 26:18 5:5 Luc 16:8 5:6 Wo 13:11 5:6 Ef 2:3 5:7 Trav 7:15 5:8 És 59:17 5:8 Ef 6:17 5:9 I Tes 1:10 5:9 II Tes 2:13 5:10 Wo 14:9 5:11 Ef 4:29 5:12 Wo 16:6,12 5:12 Eb 13:17 5:13 Mc 9:50 5:14 II Tim 3:6,7,11 5:14 És 35:4 5:15 Wo 12:17 5:16 Fil 4:4 5:18 Ef 5:20 5:19 Ef 4:30 5:20 Trav 13:1 5:21 I Kor 14:29 5:23 Luc 1:46 5:23 II Pi 3:14 5:24 I Kor 1:9 5:25 Ef 6:19 5:26 Wo 16:16 5:27 Kol 4:16 5:28 Wo 16:20