3
Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan Athènes sèl. Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke nou te destine pou sa. Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.
Men koulye a, ke Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou kanpe fèm nan Senyè a.
Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm? 10 Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.
11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
3:1 Trav 17:15 3:2 II Kor 1:1 3:3 Trav 9:16 3:4 I Tes 2:14 3:5 Mat 4:3 3:5 II Kwo 6:1 3:6 Trav 18:5 3:6 I Tes 1:3 3:8 I Kwo 16:13 3:9 I Tes 1:2 3:10 II Tim 1:3 3:10 II Kor 13:9 3:11 I Tes 5:23 3:12 Fil 1:9 3:13 I Kor 1:8