2
Apre bagay sa yo, lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an. Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: “Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a. Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo. Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.
Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit, ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a. Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.
Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo. Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo. 10  Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt. 11 Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
12 Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami a, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm— 13 Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a. 14 Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.
15 Alò lè lè pou Esther, fi de Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.
16 Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a. 17 Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.
18 Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado selon jenewozite a wa a.
19 Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée t ap chita nan pòtay a wa a. 20 Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè lè se te li ki t ap swaye li a. 21 Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus. 22 Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée. 23 Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.
2:1 Est 1:19-20 2:2 I Wa 1:2 2:3 Est 1:1-2 2:5 Est 3:2 2:6 II Wa 24:14-15 2:7 Est 2:15 2:8 Est 2:3-15 2:9 Est 2:3-20 2:10 Est 2:20 2:15 Est 2:7 2:17 Est 1:11 2:18 Est 1:7 2:19 Est 2:21 2:20 Est 2:7 2:21 Est 6:2 2:22 Est 6:1-2 2:23 Est 10:2