7
Alò, apre bagay sila yo, nan règn Artaxerxès la, wa Perse la, te monte Esdras, fis a Seraja a, fis a Azaria a, fis a Hilkija a, fis a Schallum nan, fis a Tsadok la, fis a Achithub la, fis a Amaria a, fis a Merajoth la, fis a Zerachja a, fis a Uzzi a, fis a Bukki a, fis a Abischura a, fis a Phinées a, fis a Éléazar a, fis a Aaron an, wo prèt la. Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li. Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la. Li te vini Jérusalem nan senkyèm mwa a, ki te nan setyèm ane règn a Wa a. Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li. 10 Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël.
11 Alò, sa se yon kopi a dekrè ke Wa Artaxerxès te bay a Esdras, prèt la, skrib la, ki te byen enstwi nan kòmandman a SENYÈ a, avèk règleman Li yo pou Israël:
 
12 “Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè.
Depi koulye a, 13  mwen te bay yon dekrè ke nenpòt moun nan pèp Israël la avèk prèt pa yo ak Levit nan wayòm pa m nan ki gen volonte pou ale Jérusalem, kapab ale avèk ou. 14 Akoz ke ou voye pa wa a avèk sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a, 15 epi pou pote ajan avèk lò ke wa a avèk konseye li yo te ofri libreman a Bondye Israël la, ki gen plas abitasyon Li Jérusalem, 16 avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan. 17 Pou sa, avèk lajan sa a, nou va, avèk swen, achte towo, belye, jenn mouton avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, e ofri yo sou lotèl lakay Bondye nou an ki Jérusalem nan. 18 Nenpòt sa ou wè ki sanble bon a ou menm avèk frè ou yo pou fè avèk sa ki rete nan ajan avèk lò yo, nou kab fè l selon volonte Bondye pa nou an. 19 Anplis, zouti ki bay a nou pou sèvis lakay Bondye ou a, livre yo nèt devan Bondye Jérusalem nan. 20 Tout lòt bezwen pou lakay Bondye ou a, ke ou kab petèt gen okazyon founi, founi li soti nan kès trezò wa a. 21 Mwen, mwen menm, Wa Artaxerxès, pibliye yon dekrè a tout trezorye ki nan pwovens lòtbò rivyè a, ke nenpòt sa ke Esdras, prèt la, skrib lalwa a Bondye syèl la a ta egzije a nou, fòk li fèt avèk swen, 22 jis menm rive a san talan ajan, san barik ble, san galon diven, san galon lwil, avèk sèl si li ta nesesè. 23 Nenpòt sa ki kòmande pa Bondye syèl la, kite li fèt avèk zèl pou lakay Bondye syèl la, pou pa vin genyen kòlè Li kont wayòm a wa a avèk fis li yo.
24 Anplis, nou fè nou konprann ke li pa pèmèt pou enpoze taks, kontribisyon obligatwa, ni frè lese pase sou okenn nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, Netinyen yo, ni sèvitè lakay Bondye sila a.
25 Ou menm, Esdras, selon sajès a Bondye ki nan men ou a, chwazi majistra yo avèk jij yo pou yo kab jije tout moun ki nan pwovens lòtbò rivyè a, menm tout sila ki konnen lalwa a Bondye pa ou a; epi ou kapab enstwi nenpòt moun ki manke konprann. 26  Nenpòt moun ki refize obsève lalwa Bondye ou a, avèk lalwa a wa a, kite jijman vin tonbe sou li avèk severite, swa pou lanmò, swa mete l deyò nan peyi a, swa sezi byen li, oswa ba li prizon.”
27  Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan; 28 epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.
7:1 Esd 7:12-21 7:6 Esd 7:11-21 7:7 Esd 8:1-20 7:9 Esd 7:6 7:10 Esd 7:25 7:13 Esd 6:1 7:14 Esd 7:15-28 7:15 Esd 6:12 7:16 Esd 1:4 7:16 I Kwo 29:6 7:17 Det 12:5-11 7:20 Esd 6:4 7:21 Esd 7:6 7:23 Esd 6:10 7:24 Esd 4:13-20 7:25 Egz 18:21 7:25 Mal 2:7 7:26 Esd 6:11-12 7:27 Esd 6:22 7:28 Esd 9:9 7:28 Esd 5:5