4
Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la, yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”
Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”
Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a. Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la. Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.
Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre nan lang Amareyen. Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan. Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo, 10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.
11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a:
 
“A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.
12 Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo. 13 Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a. 14 Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a, 15 pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa. 16 Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”
 
17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an:
 
Lapè.
 
18 Dokiman ke nou te voye bannou an te tradwi ak li devan m. 19 Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann, 20  ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm. 21 Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm. 22 Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?
 
23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam. 24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.
4:1 Esd 1:11 4:2 II Wa 19:37 4:3 Né 2:20 4:3 Esd 1:1,2 4:4 Esd 3:3 4:6 Est 1:1 4:7 II Wa 18:26 4:9 Esd 5:6 4:10 Esd 4:11-17 4:12 Esd 5:3-9 4:13 Esd 4:20 4:18 Né 8:8 4:20 I Wa 4:21