35
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: “Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li. Di li:
‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir,
Mwen va lonje men M kont ou
pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.
Mwen va fè devaste vil ou yo
e ou va vin Yon dezolasyon.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“ ‘ “Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an. Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou. Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladann li. Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe. Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
10 “ ‘ “Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la, 11 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou. 12 Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’ 13 Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.” 14 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon. 15 Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’ ”
35:2 Jen 36:8 35:3 Jr 49:13-18 35:4 Éz 6:6 35:5 Sòm 137:7 35:6 És 63:2-6 35:8 És 34:5-6 35:9 Jr 49:13 35:10 Sòm 83:4-12 35:11 Sòm 137:7 35:12 Jr 50:7 35:13 És 10:13-14 35:14 És 44:23 35:15 Ab 15