29
Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte,
gwo mons la ki kouche nan mitan
rivyè li yo, k ap di:
‘Rivyè Nil lan se pou mwen
e se mwen menm ki te fè li.’
Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e
fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.
Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo,
ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.
Mwen va jete ou lwen nan dezè a,
ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.
Ou va tonbe nan chan ouvri.
Ou p ap rasanble ni reyini ankò.
Mwen te bay ou kon manje bèt latè
ak zwazo syèl yo.
“ ‘ “Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”
“ ‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“ ‘ “Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’ 10 Pou sa, gade byen, Mwen kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. 11 Pye a moun p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. 12 Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”
13 “ ‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo. 16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinyepote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.” ’ ”
 
17 Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. 19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.
21 “Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
29:1 Éz 6:1 29:3 És 27:1 29:4 II Wa 19:28 29:5 Éz 32:4-6 29:6 II Wa 18:21 29:8 Jr 46:13 29:10 Éz 13:8 29:11 Jr 43:11-12 29:12 Jr 46:19 29:13 És 19:22 29:14 És 11:11 29:15 Éz 31:2 29:16 És 64:9 29:17 Éz 24:1 29:18 Jr 25:9 29:19 Jr 43:10-13 29:20 És 10:6-7 29:21 I Sam 2:10