25
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: Fis a lòm, mete figi ou vè fis a Ammon yo e pwofetize kont yo, Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo. Mwen va fè Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël, pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
“ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, 10 epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. 11 Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
12 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” 13 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 14  Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
15 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” 16 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. 17 Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.” ’ ”
25:2 Jr 49:1-6 25:4 Jij 6:3-33 25:5 Det 3:11 25:6 Job 27:23 25:7 És 33:4 25:8 És 15:1 25:9 Nonb 33:49 25:10 Éz 25:4 25:11 Sòm 9:16 25:12 II Kwo 28:17 25:13 Jr 49:8 25:14 És 11:14 25:15 És 14:29-31 25:16 I Sam 30:14 25:17 Sòm 9:16