22
Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo. Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye! Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo. Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen twoub.
“ ‘ “Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an. Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou. Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo. Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd. 10 Nan ou, yo te dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. 11 Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li. 12 Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13 “ ‘ “Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou. 14 Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji. 15 Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou. 16 Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” ’ ”
17 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan. 19 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem. 20 Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou. 21 Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li. 22 Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te vide chalè kòlè Mwen sou nou.’ ”
23 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 24 “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’ 25 Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li. 26 Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo. 27 Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt. 28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale. 29 Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
30 “Mwen te chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn. 31 Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.
22:3 Éz 22:6-27 22:5 És 22:2 22:6 És 1:23 22:7 Egz 22:21 22:8 Éz 20:13-24 22:9 Éz 23:29 22:10 Lev 18:8 22:11 Lev 18:15 22:12 Lev 19:13 22:14 Éz 21:7 22:15 Éz 23:27-48 22:16 Sòm 83:18 22:18 Jr 6:23-30 22:20 És 1:25 22:22 Éz 20:8-33 22:24 És 9:13 22:26 Lev 10:10 22:27 Éz 22:25 22:28 Jr 23:25-32 22:29 És 5:7 22:30 És 59:16 22:31 Éz 7:3-9